Dernière mise à jour : 2025-06-13 03:35:10
1. Introduction
✅ Kondisyon Itilizasyon Sitwèb Legend Global Tech Dènye Mizajou : 30 Me 2025 Sit entènèt: www.
legendglobalht.
com 1.
Akseptasyon Kondisyon yo Lè ou vizite oswa itilize sit sa a, ou dakò ak tout kondisyon ki make isit la.
Si ou pa dakò, tanpri pa itilize sit la.
2.
Sèvis nou ofri Legend Global Tech se yon platfòm dijital ki ofri: • Kat debi vityèl (kreye otomatikman) • Rechaj kat ak MonCash • Vant USDT • Vant Gift Cards (Netflix, iTunes, elatriye) • Rechaj Wise • Piblisite Facebook pou kliyan Nòt: Nou pa vann pwodwi fizik, kidonk pa gen okenn sèvis livrezon.
3.
Verifikasyon KYC obligatwa (Nou Konnen Kliyan nou) Pou w itilize sèvis sou sit sa a, ou obligatwa pou pase etap verifikasyon idantite a (KYC).
Nou mande: • Yon pyès idantite valab (nasyonal oswa entènasyonal) • Yon selfie ak pyès la • Nimewo telefòn verifye (preferab MonCash) San verifikasyon sa a, ou pa ka itilize okenn sèvis sou platfòm la.
4.
Peman Nou aksepte peman atravè: • MonCash • Transfè lokal (si sa disponib) • Lòt mwayen dijital ke nou mete sou sit la Tout tranzaksyon yo final epi pa ranbousab, sòf si gen erè ki soti bò Legend Global Tech.
5.
Tan livrezon sèvis yo Tout sèvis yo bay anba 24 èdtan, men an jeneral yo livre anba 1 èdtan apre verifikasyon ak peman konplete.
6.
Sekirite ak Konfidansyalite Nou pran sekirite enfòmasyon ou yo oserye.
Tout done ou bay pandan KYC oswa pandan itilizasyon sèvis nou yo trete avèk konfidansyalite epi yo pa pataje ak okenn twazyèm pati san konsantman ou.
7.
Dwa Pwopriyete Tout kontni sou sit sa a se pwopriyete Legend Global Tech.
Ou pa gen dwa repwodui, modifye oswa distribye okenn eleman san otorizasyon alekri.
8.
Chanjman nan Kondisyon yo Legend Global Tech rezève dwa pou mete ajou kondisyon sa yo nenpòt ki lè.
Nou ap mete dat dènye mizajou a sou paj sa a.
Kontinye sèvi ak sit la apre chanjman yo vle di ou dakò ak nouvo kondisyon yo.
9.
Limit Responsablite Nou pa responsab pou okenn pèt oswa domaj ki soti nan erè itilizatè oswa echèk teknik sou bò kliyan.
Sèvis yo bay jan yo ye a (“as-is”), san okenn garanti.
10.
Kontak Pou sipò oswa kesyon, kontakte nou: 📞 WhatsApp: +509 3417-3529 📧 Imèl: contact@legendglobaltech.
com 📱 Facebook: Legend Global Tech © 2025 Legend Global Tech – Tout dwa rezève.
7. Contact
Pour toute question, vous pouvez nous contacter à : legendglobaltech6@gmail.com